Rapèl Enpòtan

Mèsi paske ou kontakte Biwo Opòtinite Egal la pou demann aranjman rezonab ou an. Tanpri revize rapèl sa yo anvan ou soumèt demann ou an.

  • Jiridiksyon EOO a pral administre aranjman rezonab pou sèlman andikape ki kalifye selon Lwa Sou Ameriken Ki Andikape yo (Americans with Disabilities Act, ADA). ADA defini yon “moun andikape” tankou yon moun ki gen yon andikap mantal oswa fizik ki vrèman limite youn oswa plis aktivite majè nan lavi l, ki gen yon dosye pou yon andikap. Yon aranjman rezonab se yon modifikasyon oubyen yon ajisteman yon pòs travay oubyen nan anviwònman travay la ki pral pèmèt yon kandida ki kalifye oubyen yon anplwaye ki andikape pou patisipe nan pwosesis aplikasyon an oubyen pou akonpli fonksyon ki esansyèl pou pozisyon li a.
  • Detèminasyon aranjman rezonab la administre nan yon pwosesis yo rele “dyalòg entèraktif”. Anplwaye a dwe kòmanse dyalòg entèraktif sa a ak tout volonte l epi angaje l nan yon pwosesis bòn fwa.
  • Si adaptasyon ou mande a nan se sèlman pou yon konje medikal k ap kontinye oubyen k ap fèt pa entèmitans, tanpri kontakte Matrix Absence Management. Matrix Absence Management jere tout konje peye pou Resouzimèn BU. Tanpri itilize lyen sa a: Kòman pou Aksede nan Avantaj yo pou jwenn enfòmasyon ou bezwen yo. Si ou genyen kesyon ki konsène konje, kontakte Sant sèvis HR a nan hr@bu.edu oubyen nan nimewo 617-353-2380. Se si sèlman ou epwize PFM/FMLA oubyen si ou pa elijib ou kapab mande konje medikal kòm yon aranjman.
  • Pou kesyon oswa enkyetid konsènan pèfomans travay oubyen avantaj sosyal (sa vle di, itilizasyon konje maladi ak vakans) dwe voye bay Patne Komèsyal HR a oubyen bay Sant Sèvis HR a nan hr@bu.edu.

Pou kontinye soumèt demann pou aranjman rezonab ou an, tanpri klike isit la.